Operasyon PNH la nan Vilaj De Dye kontinye ap fè chimen l avèk nouvo estrateji

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
operasyon pnh la nan vilaj de dye kontinye ap fè chimen l avèk nouvo estrateji

Kowòdinasyon Laprès ak Relasyon Piblik Polis Nasyonal Dayiti a, atravè inite pwodiksyon odyovizyèl li a ki se “Allô la Police”, prezante dimanch 18 jen 2023 a, kèk sekans imaj bay piblik lan pou raple l operasyon ki te lanse nan peyi an sitou nan Vilaj De Dye a, kontinye ap fè chimen l.

Yon videyo ki montre aklè PNH lan pa gen entansyon abandone batay pou demantle gang yo nan tout peyi a, sitou sa yo ki ap fonksyone nan papòt sid kapital ayisyen an. Dapre sa nou li sou paj ofisyèl enstitisyon polis la, apwòch sa vize demantelman gang yo sitou baz “5 segonn” Izo ap dirije a .

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kad operasyon sa , ajan fòs lòd yo ap mennen nan Vilaj De Dye a, lapolis kontinye entèvansyon yo nan yon fason estratejik, kote plizyè kay ki sèvi abri pou bandi kòmanse kraze. Yon lòt kote , seksyon machin blennde PNH yo kontinye travay epi netwaye zòn Bisantnè an, yon fason pou fasilite operasyon lapolis la kòmsadwa daprè sa ekip kominikasyon PNH la kominike.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.