Bandi anvayi zòn Lilavwa, plizyè moun blese anba bal

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi anvayi zòn lilavwa, plizyè moun blese anba bal

Byen bonè maten jedi 17 dawout 2023 a, plizyè kout bal pa t sispann chante nan zòn Lilavwa ki chita nan Bon Repo komin Kwadèboukè. Daprè enfòmasyon redaksyon an rive jwenn, se ta gwoup bandi Kanaran yo ki ta kreye sèn panik sila.

Sitiyasyon an konplike nan Bon Repo, espesyalman nan katye Lilavwa komin Kwadèboukè. Plizyè kout bal pa sispann tire nan kèk rakwen granm bonè maten 17 dawout la, selon kèk temwanyaj plizyeè abitan se anba kabann yo oblije kache pou evite viktim anba kout bal bandi yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toujou daprè enfòmasyon nou ka fè konfyans, plizyè moun ta blese pandan atak sa a. Menmsi chif viktim yo poko ofisyèl.

Nap raple, depi kèk jou bri te kòmanse kouri nan plèn lan kòmkwa bandi nan Kanaran yo ap anvayi Bon repo, maten jedi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.