Nouvèl la konfime jodi samdi 4 fevriye 2023 a, bò 10è pral nan 11è nan maten. Bandi ak zam kidnape Jean Thony Lorthé, ki se yon jounalis k ap travay nan radyo Vision 2000. Yo mete lapat sou li ak 2 lòt moun ki te akonpaye l, nan zòn Laboul 12, komin Petyonvil.
Jean Thony Lorthé ak 2 lòt moun yo pa t bay nouvèl depi vandredi swa 3 fevriye a. Fanmi ak pwòch li te deja lanse divès alèt sou rezo sosyal yo pou atire atansyon popilasyon an ak “otorite” yo swit ak disparisyon yo.
“SOS SOS SOS
Fanmi Jean Thony Lorthé, jounalis radio Vision 2000 pa genyen nouvèl li depi yè swa vandredi a pati 7h. Jean Thony Lorthé te kite Pétion Vil bò 6h nan yon konvwa 2 Nissan Patrol koulè blanch avèk plizyè pròch li an direksyon Kafou an pasan pa boutilye pou yo t al patisipe nan fineray bèl sè li maten samdi a.
Tanpri kontakte fanmi an nan nimero sa a si w ta genyen nouvèl li: 37455197
Mèsi” : premye alèt ki te bay sou rezo sosyal yo aprè disparisyon jounalis la.
Nou aprann yo te pran wout Taraz, nan komin Petyonvil, pou te rann yo nan antèman Mirlande Charles, ki se bèlsè Mesye Lorthé, nan komin Kafou. Depi lè sa pyès moun pat jwenn nouvèl yo.
Pou kounya, kidnapè yo deja rantre an kontak avèk fanmi viktim yo pou negosye liberasyon yo, si n kwè detay jounalis Lunie Joseph bay sou paj Facebook ak Twitter li.
N ap raple, nan zòn kote yo kidnape travayè laprès la ak 2 lòt moun yo – kidonk nan Laboul 12 – se nich gang Ti Makak. Kriminèl sila yo espesyalize nan fè kidnape, twouble lapè piblik epi simaye dèy nan kè popilasyon an.
Facebook Comments