Nan yon sikilè piblik ki pote dat 3 fevriye 2023, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl pote presizyon sou 2 dokiman sa yo k ap sikile konsènan validasyon fen etid ansèyman fondamantal yo nan peyi a.
Ministè a fè konnen, tout atestasyon fen etid fondamantal ki te bay jiska lane 2017 yo rete jiskaprezan valide pandan l ajoute, apati 2018, pou valide menm nivo etid sa, benefisyè yo ap genyen nan men yo nouvo fòma dokiman sa ki sou non «Diplòm».
Daprè otorite Ministè edikasyon nasyonal yo, desizyon bay diplòm pou valide 9 lane etid nan nivo fondamantal yo fèt apati arete prezidansyèl 17 septanm 2014 la ki prevwa yon sèl egzamen nan nivo fondamantal ak youn pou fen etid segondè yo.
Ministè a, nan nòt sa, envite patnè nasyonal, entènasyonal ansanm ak aktè yo ki nan sistèm edikatif la pou pran an konsiderasyon dispozisyon sa ki chita sou ki tip dokiman k ap bay pou valide fen etid ansèyman fondamantal yo.
