Ekip Manchester United la, ap chache yon bon atakan pou ede yo devan gòl. Daprè jounal « Sport » Manchester United ta vle genyen sèvis Ansu Fati. Jwè a ki fèk pwolonje kontra li ak Barcelone pou 2027, kote montan ki pou fè l kite Blaugrana yo se 1 miliya ewo, se youn nan sib klèb anglè a.
Manchester United k ap chache yon atakan klas mondyal, ap fè zye dou ak Ansu Fati, ki gen gwo difilikte pou l jwen mak li nan ekip Xavi a, depi aprè blese li yo ki pa sispann repete. Daprè kotidyen anglè a « Sport » klèb anglè a toujou ap chache yon atakan pou ekip la, sa li kapab fè pou mache transfè k ap vini nan ete pwochen an.
Jounal la fè konnen, dirijan Manchester United yo ki gen bon rapò ak ajan jwè a, ki se Jorge Mendes, ap tante wè kijan transfè sa te ka posib pou Reds yo.
Ekip Ten Hag la ki okipe 3zyèm plas nan klasman Premier League la ak 42 pwen dèyè Manchester City. Koyekipye B. Fernandes yo ap jwe san konplèks pou yon plas nan Champions League sezon k ap vini an.
Facebook Comments