Bandi nan Kwadèboukè asasinen papa Clifford Dumé epi kidnape yon ti sè l

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi nan kwadèboukè asasinen papa clifford dumé epi kidnape yon ti sè l

Bandi ak zam yo pa rive idantifye asasinen papa jenn atis Clifford Dumé devan Lise Kwadèboukè an. Aksyon an pase nan lannwit 21 pou louvri 22 janvye 2024 la.

Nan yon mesaj li poste sou estati WhatsApp li, chanpyon Podium Quartier 2019 la konfime, aprè bandi yo fin tiye papa l, Mesye Dumé, anba bal, malfwa yo kidnape yon ti sè l, epi blese ak ba l yon lòt sè l ankò, ki erezman ap pran swen nan yon lopital nan kapital la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pi lwen, jenn atis la sipliye malfwa yo pou fè l jwenn ti sè l la, paske anplis dèy ak lapenn bandi san fwa ni lwa yo mete nan mitan fanmi sa, jwenn kòb pou kouvri ranson sa se yon lòt fado pou fanmi sa ki nan gwo kriye.

N ap raple, chantè “Lanmou Inosan” an t ap viv nan yon fanmi 8 moun, pami yo manman l, papa l, sè l ak frè l nan Kwadèboukè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.