Bandi tiye yon avoka zòn Tomasen, komin Petyonvil

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
bandi tiye yon avoka zòn tomasen, komin petyonvil
Yon lòt avoka viktim ankò akòz ensekirite a ki pa sispann etann kò li nan kapital Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen l yo. Ayè mèkredi 15 fevriye 2023 a, bandi ak zam etenn souf Mèt Yvon Pyram, nan Tomasen 30, komin Petyonvil.
Plizyè bandi abò yon moto touye nonm lalwa a nan moman l te dèyè volan machin li, ki se yon Jeep Wrangler, ayè mèkredi a nan aprèmidi. Kou sa pote yon lòt dèy ankò nan aparèy jidisyè a.
Nou aprann Misye Pyram rann dènye souf li sou plas aprè dram nan alòske kriminèl yo te rive sove kè pòpòz jan sa souvan fèt nan sitiyasyon sa yo. Jiskaprezan orijin zak asasina sila rete enkoni.
N ap raple, Mèt Yvon Pyram se te pwòch Direktè jeneral Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) Mèt Hans Jacques Ludwig Joseph. Epitou li te manm kabinè “Expertise Law Firm”.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.