Depi 27 janvye, ant 140 a 170 Ayisyen kite peyi a  chak jou pou ale Etazini

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
depi 27 janvye, ant 140 a 170 ayisyen kite peyi a  chak jou pou ale etazini
Joe Biden, Prezidan peyi Etazini an, te anonse  5 janvye 2023 a, posiblite pou imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman Ozetazini atravè yon pwogram Imanitè pwovizwa, ki vize akòde jiska 30,000 pèmi chak mwa. Daprè chif kèk konpayi avyon ki rive jwenn redaksyon nou an, depi 27 janvye, ant  140 ak 170 Ayisyen  kite peyi a pou ale Ozetazini.
Vrèman vre, depi 27 janvye, ant 140 ak 170 Ayisyen pran avyon chak jou, pou ale nan peyi Tonton Sam nan kad pwogram imanitè pwovizwa CHNV134 la, prezidan ameriken an, Joe Biden te lanse , nan kòmansman ane 2023 a.
Ayisyen sa yo ki jwenn otorizasyon pou ale nan peyi Etazini, sibi yon tès virifikasyon anvan menm yo monte avyon yo. Konpayi avyon yo ak imigrasyon Ayisyen verifye epi konfime  otantisite dokiman yo ak otorite migrasyon yo nan peyi Lèzetazini.
N ap note, verifikasyon sa yo fè t nan lide pou anpeche zak Koripsyon nan kad Pwogram Imanitè Pwovizwa sa a, ki konsène selman 4 peyi.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.