Yon tranblemanntè frape gran Nò a an Ayiti

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon tranblemanntè frape gran nò a an ayiti
Granm bonè maten jedi 16 fevriye 2023 a, Ayiti pran yon nouvo frap tranblemanntè avèk yon mayitid 5.5 echèl Richter ki touche prensipalman gran Nò peyi a.
Yon nouvo frap sismik ki touche byen bonè nan maten jodi jedi a, nan gran Nò peyi a avèk episant li ki te lokalize nan anviwon 42 kilomèt lwès Bonbadopolis, yon komin depatman Nòdwès.
Sekous tranblemantè sa te egalman touche divès lòt rejyon nan peyi a, tankou depatman Latibonit, Nip, ak rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan ki twouve l a anviwon 190 kilomèt episant lan.
Daprè Direksyon pwoteksyon sivil, pa gen okenn moun ki mouri nan tranblemanntè sa, ni pa gen dega ki anrejistre, sèlman panik sekous sismik sa te pwovoke lakay popilasyon yo nan gran Nò an.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.