Barça korije Real pou l chanpyon Sipèkoup Espay

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
barça korije real pou l chanpyon sipèkoup espay
FC Barcelone bat Real Madrid  (3-1) nan final Sipèkoup Espay la ki fèt dimanch 15 Janvye a nan peyi Arabi Sawoudit. Se premye tit ekip Barcelone nan sou direksyon Xavi.
Real pran yon so kabrit devan Barça nan Sipèkoup Espay la dimanch sa a. Jwè Barça yo fè bèl viktwa avèk mannyè (3-1) pou yo ranpòte premye tit sa. Yo tou pwofite ofri Xavi Hernandez premye tit li depi lè l pran tèt ekip la.
Sa t ap byen dewoule pou Katalan yo depi nan premye mitan an. Se Gavi ki bay Barça avantaj nan eskò a apre yon pas Lewandowski te ba li. Menm Gavi sa ta pral sèvi Polonè a pou l double miz la pou Culers yo nan fen premye mitan an.
Nan dezyèm mitan an, Barça kontinye pase woulo a sou Real e l ta pral jwenn twazyèm gòl la gras ak Pedri, sou yon lòt pas Gavi bay. Barça domine tout match la. Nan minit adisyonèl yo, Karim Benzema sove lonè a pou Madrilèn yo.
Depi lè Messi kite ekip la nan lane 2021, FC Barcelone pa t janm rive pran okenn tit. Sa fini jodi a avèk Sipèkoup Espay la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.