Fashion Naval, yon konkou kreyativite byè Prestige lanse

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
fashion naval, yon konkou kreyativite byè prestige lanse
Nan okazyon aktivite kanaval yo nan peyi an pou ane sa, byè Prestige lanse Fashion Naval ki se yon konkou kreyativite atistik k ap demare demen lendi 16 janvye an pou bout nan dat 6 fevriye.
Sou rezo sosyal yo, byè Prestige lanse ayè samdi 14 janvye an konkou kreyativite Fashion Naval pou ane 2023 a avèk pou objektif kontinye vann kilti peyi an atravè koulè ki te konn genyen nan defile kanaval nan tan avan yo.
« Pou kenbe men ak kilti peyi nou, Prestige lanse konkou Fashion Naval ane sa a pou reveye kreyativite ak koulè kanaval ki te toujou genyen nan defile dantan », sa nou kapab li nan afich ki anonse konkou an sou rezo sosyal yo.
Sòti 16 janvye pou rive 6 fevriye 2023, patisipan yo, aprè enskripsyon, ap gen pou kreye yon kostim rèn kanaval kote avèk zèv atistik sa y ap gen posiblite genyen 450 000 ak 200 000 goud pou premye ak dezyèm pri edisyon konkou sa.
Pami tèm ak kondisyon ki kenbe pou edisyon konkou sa, patisipan yo dwe gen pou pi piti 18 lane kote yo kapab enskri sèl oubyen an gwoup. Mete sou sa, patisipan an oubyen gwoup lan ap gen pou mansyone ki materyèl ak kalite twal yo itilize pou fè kostim lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.