Baselòn kalifye anba doulè pou 8tyèm final koupdiwa a nan peyi Espay 

Netalkole Media
ParNetalkole Media
baselòn kalifye anba doulè pou 8tyèm final koupdiwa a nan peyi espay 

Nan yon match rich ak rebondisman, Barcelone bat Cf Intercity (3-4) an deplasman nan kad 1/16 final koupdiwa mèkredi 04 janvye 2023, yon klèb katriyèm divizyon ki fonde an 2017. 

Byen bonè nan rankont la Ronal Araujo te pral ouvè eskò a pou ekip vizitez la  (4′ ;01-) eskò premye mitan an te fini sou eskò sa (0-1)  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè poz kenz (15) minit la  ekip vizitèz la te pral jwenn gòl egalizasyon gras ak yon gòl de Oriol Soldevila Puig nan sekantnevyèm (59′ ;1-1) minit nan rankont la Ousmane Dembele te pral bay avantaj eskò ak ak klèb katalan an lèl enskri twazyèm gòl rankont la dezyèm gòl pou ekip li (66′; 1-2) uit (8) minit aprè swa 74zyèm nan match la Oriol Soldevila Puig te pral egalize ankò kise yon double pou jèn espanyol 21 lane an, twa (3) minit pita Raphina make yon twazyèm gòl pou bay avantaj eskò an yon twazyèm fwa ak poulen Xavi yo (77′; 2-3) menm Oriol Soldevila Puig te pral retire espwa  baselonè yo ki te panse yo te fin bon (86′; 3-3) Oriol make yon triple nan rankont sila nan tan reglemantè match la fini twa gòl nan chak kan (3-3) 

Kòm se sou yon sèl match rankont sa yo jwe daprè règleman konpetisyon an se trant (30) minit pwolongasyon aprè pou depataje nan tiwobi si pa gen yon ekip ki pran avantaj la, match la te ale nan pwolongasyon 

Te gen anpil chanjman ki te fèt nan de (2) kan yo pou ekip vizitez la ki se Barcelone, teknisyen Espanyòl la te oblije fè anpil chanjman, desann Depay rantre ak Fati, retire Gavi pou rantre Tore Pablo  Balde, ki te ranplase Dembele, Erick Garcia rantre nan plas Araujo, Raphina te rantre nan plas Feran Tores. 

Fati te make gòl K-O an pou koyekipye li yo nan santwazyèm (103) minit nan rankont la sou yon pas desizif de Raphina yon gòl ki make pa de (2) ranplasan (103′; 3-4) eskò final. 

 

REDAKSYON : JOCELYN Couyoute
 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.