Biwo min ak enèji Ayiti resanse 1,451 sekous tranblemantè an Ayiti pou ane 2022 an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
biwo min ak enèji ayiti resanse 1,451 sekous tranblemantè an ayiti pou ane 2022 an 

Nan bilan chak ane Biwo min ak enèji prezante sou aktivite sismik yo sou teritwa nasyonal la, genyen yon total 1,451 sekous tranblemantè ki anrejistre nan peyi a sòti janvye pou rive desanm 2022. 

Nan rapò sa Inite teknik sismoloji ki nan Biwo min ak enèji rann piblik sou bilan ane 2022 an nan zafè tranblemantè an Ayiti fè konnen tè a tranble 1,451 fwa nan peyi an kote enfòmasyon yo rive kolekte atravè divès rezo lokal ak rejyonal yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè rapò sa Biwo min ak enèji prezante an, sekous tranblemantè tè sa yo peyi a konnen pandan ane 2022 pase nan yon entèval 0,7 jiska 5,5 kòm mayitid kote sekous ki te pi fò an te rive nan dat 23 janvye, a 8è 16 nan maten, toupre vil Ansavo ki nan depatman Nip. 

Nan repatisyon 1,451 sekous sa yo ki rive sou ansanm ane 2022 an bay yon mwayèn 109 tranblemantè pa mwa sou tout dis depatman peyi an. Daprè Biwo min ak enèji, mwa janvye 2022 an se mwa ki te gen plis sekous sismik avèk yon total 311, lwen devan mwa mas ki te bay 179 sekous tranblemantè. 

N ap souliye, rejyon ki te pi plis touche ak sekous sismik sa yo pandan ane 2022 an se gran Sid peyi an avèk depatman Grandans ki te konnen 633 sekous, Nip 406 ak Sid ki te genyen 156. Menm rejyon sa te viktim gwo tranblemantè 14 dawout 2021 an ki te lakoz anpil moun pèdi lavi yo epi yon kantite dega materyèl konsiderab. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.