Ayiti : prèske yon douzèn bandi mouri nan komansman mwa janvye 2023 a, daprè PNH la 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ayiti prèske yon douzèn bandi mouri nan komansman mwa janvye 2023 a, daprè pnh la 

Lapolis Nasyonal Ayiti touye prèske yon douzèn sispèk bandi, pandan operasyon ki te fèt nan kòmansman mwa janvye 2023, nan zòn metwopolitèn kapital la, Pòtoprens, daprè enfòmasyon enstitisyon an bay. 

Silencieux Maçon, yon manm gang  Carlo Petit-Homme,  alyas  « Ti Makak », ki te enplike nan plizyè ka kidnapin nan Laboul ak Tomasen, te mouri ak bal,  jou ki te madi 3 janvye 2023 nan aswè lè yo tap echanje bal ak lapolis. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan menm jounen an, 3 lòt moun te tou mouri, nan Tomasen 32, pandan yon tantativ kidnapin, lapolis Nasyonal la te devye. Yo te konfiske yon fizi atak ak 4 machin, epi yon motosiklèt. 

3 ofisye lapolis nasyonal la te blese pandan entèvansyon miskilè ajan PNH yo nan zòn sa a. 

Anplis de sa, yon  manm gang ame k ap opere nan Kanaan te tonbe anba bal lapolis madi 3 janvye 2023 a, pandan yon entèvansyon lapolis, nan zòn Ti bòb ak nan Pitimi, nan BonRepo. 

Te gen 2 lòt manm nan menm gang sa a, ki te akonpaye l, sepandan yo te kouri met deyò.  Alòske polis yo te arive konfiske yon motosiklèt  nwa mak Haojin, san plak imatrikilasyon ladan l. 

Daprè sa enstitisyon polisyè a te rapòte 3 moun sa yo ta espesyalize yo nan zak vòl, vyòl, kidnapin, ak vòlè kamyon machandiz. 

3 gang ak zam ki soti nan gang 400 Mawozo yo te mouri anba bal nan jou ki te lendi 2 janvye 2023 a nan zòn Dival, nan komin Kwadèboukè, nan echanj kout zam ak lapolis. Yon polisye te blese pandan operasyon sa a,  epi yon fizi atak te sezi. 

Li enpòtan pou nou fè konnen, ranfòse kapasite operasyon enstitisyon lapolis la a, ak kontinye mete presyon sou gang yo, nan lide demantèlman yo, se 2 priyorite gwo kòmandman PNH la a pou ane 2023. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè entitisyon polisyè a fè konnen operasyon yo pral kontinye.  Aparèy sekirite ki an plas yo pral kenbe nan lari yo, pou kontinye anpeche oswa reprime nenpòt menas ki vize pou kreye ajitasyon ak  mete nan lapèn fanmi ayisyen yo. 

« Operasyon gwo echèl yo pral kontinye nan katye ki gen gwo risk pou netralize tout bandi yo, ki angaje yo nan aktivite kriminèl, ki gen ladan asasina ak zak kidnapin », te deklare PNH la  

Nap raple anpil  katye popilè nan zòn metwopolitèn Pòtoprens  kapital peyi a anba kontwòl nèg ak zam ki mete anpil fanmi Ayisyen ap viv nan laperèz, yo teworize akoz plizyè zak gang sa yo ap fè nan peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.