2 endividi yo idantifye kòm manm gang 5 segond nan Vilaj de Dieu, bwè dlo bouch yo ayè jedi 8 jen 2023 a anba men manm popilasyon sivil la nan komin Chantal, depatman sid peyi a.
Pandan lapolis ap mete presyon sou baz 5 Segond lan, san poko gen yon rezilta, popilasyon an bò kote pa l ap mete rekò, malgre mouvman popilè Bwa Kale a fè yon silans anba tab. Nan zòn Kayiman, komin Chantal, moun yo kanpe an gadavou.
Ayè jedi 8 jen an, nan aprèmidi, 2 endividi yo idantifye kòm manm gang Vilaj De Dye, ki te vin pran refij yo nan lokalite yo rele Kayiman an, di lavi a babay.
Popilasyon an te vin mete lapat sou yo epi touye yo aprè yo te asasinen yon peyizan ki rele Rodrigue ki te nan wout pou ale nan jaden li.