PNH la pa lwen genyen yon lòt inite espesyalize

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pnh la pa lwen genyen yon lòt inite espesyalize

Polis Nasyonal d Ayiti pa lwen ranfòse ran li yo atravè yon nouvo inite espesyalize, si n kwè deklarasyon vis prezidan ameriken an, Kamala Harris, ayè jedi 8 jen 2023 a.

Avèk sipò Etazini, nouvo antite sila – ki batize Inite Ankèt Kriminèl – ap gen pou misyon batay kont kontrebann zam ak minisyon, trafik moun ak aktivite gang ap mennen ant plizyè teritwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Akoz divès defi peyi d Ayiti ap konfwonte avèk ensekirite a, Tonton Sam pran angajman pou l akonpanye enstitisyon Lapolis la nan konba k ap mennen kont gang yo ak sila k ap finanse yo an. Inite sila pral gen pou wòl ede PNH la mennen misyon sila pi byen.

Inite Ankèt Kriminèl la ap gen pou l travay sere sere avèk lòt fòs polis yo pou ranfòse kapasite PNH la kont krim òganize yo. Pou sa fèt, Etazini ap bay Lapolis la, patikilyèman inite konsène a, yon soutyen teknik, finansye ak lojistik, se sa nou aprann.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.