Nan ti pale Blondedy Ferdinand te fè nan mikro Guy Wewe pandan pasaj li nan premye edisyon Island Mid Fest nan Indianapolis, 13 me ki sot pase la, atis la fè konnen li pral pran yon ti poz nan kesyon mizik.
Aktris ak biznismann lan ki depi kèk lane konvèti tèt li an chantèz depi premye mizik li avèk Jbeatz ki rele “Se renmen m renmenw”, bay rezon ki pouse l pran desizyon sila. Li eksplike li pa gen menm enèji ak angouman an ankò, epi swete konsantre l sou biznis li ki rapòte l plis pase mizik lan. Yon lòt kote, Blondedy Ferdinand fè konnen l ap retounen aprè paske l estime mizik lan ede l epi ede biznis li tou.
Si anpil fanatik konprann rezon ki pouse atis lan pran poz sa, anpil lòt ap mande kisa ki pase ak albòm “Nouveau Départ” Blondedy te pwomèt depi nan lane 2021 an.
Facebook Comments