Sadio Mané pa anvi rete nan Bayern Munich pou yon lòt sezon

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
sadio mané pa anvi rete nan bayern munich pou yon lòt sezon

Daprè jounal « Sky Germany », Sadio Mané swete fè yon kraze kite sa ak klèb Bavawa a sezon k ap vini. Aprè yon sezon difisil kote Senegalè a te konnen anpil blese epi chire pit li ak Leroy Sané aprè eliminasyon yo nan Lig dè Chanpyon an, jwè a ki pase anpil tan sou ban, rive fè 12 gòl pou 37 match li jwe nan tout konpetisyon yo pou Bayern.

Aprè yon lane nan klèb alman an, Sadio Mané pa deside rete plis nan klèb la, malgre kontra li ap bout an 2025. Ansyen jwè Liverpool la pa santi l konfòtab, anplis, nouvo antrenè Bayern Munich lan, Thomas Tuchel, pa vrèman konte sou entènasyonal Senegalè a. Daprè “Sky Germany”, Bayern pa ekate posibilite a non plis pou jwè a ta kite klèb la sezon sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Medya alman fè konenn : “Sadio Mané pa gen avni rete nan Bayern, dirijan Bayern yo ap tann li ale paske yo paka kwè Mané pase yon lane sou ban”.

Jounal la menm fè kwè Sadio Mané kapab retounen nan peyi Angletè, men pèson paka devine nan ki klèb. Dosye Mané a ap youn nan feyton pou mèkato ete a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive