BMPAD anonse rive 205,000 baril pwodui petwolye nan peyi a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
bmpad anonse rive 205,000 baril pwodui petwolye nan peyi a
Biwo monetizasyon pwogram èd pou devlopman an (BMPAD) anonse jodi lendi 13 fevriye a rive nan Pòtoprens pandan wikenn ki sot pase a 205,000 baril dyezèl ak gazolin.
Nan yon moman kote kriz gaz la toujou ap pèsiste sou tout teritwa nasyonal la, BMPAD anonse rive nouvo kagezon pwodui petwolye sa nan waf Pòtoprens lan ki pou alimante diferan tèminal nou yo.
Anviwon twa semèn aprè dènye 265, 000 baril pwodui petwolye ki te livre nan kapital la, BMPAD anonse nouvo kagezon 205,000 baril sa ki gen ladan l sèlman gazolin ak dyezèl san kewozèn.
N ap mansyone, malgre desizyon gouvènman an plas la te pran pou ogmante pri pwodui petwolye yo nan ponp yo, kriz gaz la kontinye pèsiste sou prèske tout teritwa nasyonal la.
Nan tout kwen nan peyi a, prensipalman nan zòn metwopolitèn lan, gaz la kontinye ap vann atè nan lari ak sou mache nwa kote otorite ki la pou sa yo toujou pa rive frennen sitiyasyon sa ki reprezante yon gwo menas pou sekirite piblik la.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.