4 bandi mouri pami yo yon fanm nan yon operasyon lapolis Laskawobas

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
4 bandi mouri pami yo yon fanm nan yon operasyon lapolis laskawobas

Lapolis Nasyonal d Ayiti nan yon nòt pibliye jodi lendi 13 fevriye 2023 a, fè konnen nan yon operasyon polisye komisarya Laskawobas te fè an konsè ak ajan UDMO ki soti Mibalè nan aswè dimanch 12 fevriye pou rive lendi 13 fevriye 2023 a, kite omwen kat (4) mò, pami yo yon fanm. Anplis moun ki mouri yo, yon lòt moun soti blese.

Ajan Lapolis Nasyonal D Ayiti ki estasyone nan Komisarya Laskawobas ak Mibalè, nan Depatman Sant lan, touye 4 moun nan aswè dimanch 12 fevriye pou rive lendi 13 fevriye 2023 a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan operasyon sa a, ajan PNH yo te sezi yon (1) fizi atak kalib M4 ak yon (1) pistolè 9mm, epi yo te konfiske yon (1) machin Lexus nwa tou.

N ap note, nan kad operasyon « Tònad 1 » ki te lanse sou tout teritwa nasyonal la kont gang ak zam yo, kòmandan an chèf PNH la, Frantz Elbé, te bay direktè depatmantal yo ak responsab divès jiridiksyon polisye yo enstriksyon, yon fason pou yo kraze tout fwaye gang yo nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.