Brezil bat Laswis epi kalifye pou uityèm final !

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
brezil bat laswis epi kalifye pou uityèm final !
Brezil fè dezyèm viktwa l nan Mondyal 2022, 28 Novanm nan, sou ekip Laswis la (1-0). Jwè Tite yo gentan valide biyè yo pou uityèm final konpetisyon an.
Bagay yo pa t fasil pou Brezilyen yo jodi anfas Laswis. Ekip 5 etwal la fè yon pakèt tan nan match la ap kouri dèyè grenn gòl viktwa a. Li te rive jwenn li nan dènye liy dwat match la pou li fè dezyèm viktwa l epi tou jwenn kalifikasyon l pou uityèm final chanpyona a.
Premye mitan match la pa t gen pyès gòl, ekip Laswis la te ofri Brezil yon bèl opozisyon. san prezans Neymar, Seleçao a pa t ka rive kraze blòk Swis yo. Pyès jwè pa t ka bay Brezil vètikalite a. Se sèlman 2 chout ki te kadre nan mitan sa.
Nan dezyèm mitan an, Brezil panse l te delivre aprè Vinicius ta pral  make pou li. Men se yon gòl abit la te refize, dapre jijman abit yo nan VAR la, gòl  la te òje,  aksyon ki te mennen òje a te soti sou  Richarlison. Se finalman Casemiro ki te libere Brezilyen yo ak yon bèl gòl nan fen match la, sou yon aksyon ki pa t parèt ap gen gòl.
Avèk kout viktwa sa a, Brezil gen 6 pwen nan tèt Gwoup G a. Li asire l ap jwe uityèm final konpetisyon an. Depi 1966, Seleçao a pa janm elimine nan premye tou Mondyal la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.