Mize Maillol nan peyi lafrans òganize yon seri vizit toutouni

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
mize maillol nan peyi lafrans òganize yon seri vizit toutouni
Nan kolaborasyon ak asosyasyon natiris Paris yo ak federasyon fransèz natiris yo, mize Maillol ki chita nan peyi lafrans, te òganize pandan mwa novanm nan kèk vizit toutouni nan mize a, nan kad yon ekspozisyon ki pote non « Ipèreyalis, sa se pa yon kò. »
Ekspozisyon ki pote non Ipèreyalis, sa se pa yon kò (Hyperrealiste, ceci n’est pas un corps) te pran nesans nan vil Liège nan lane 2019, li pase Bruxelle ak nan vil Lyon, kote li te konnen yon gwo siksè, avan li ateri nan mize Maillol. Nan ekspozisyon sa a, vizitè yo dwe toutouni pou vinn admire zèv yo.
Pou sa a, gid yo vini ak valiz plastik ki gen nimewo sou yo, epi mande pou vizitè yo retire tout rad sou yo, menm soulye oswa sandal ki nan pye yo, epi mete yo nan valiz plastik yo. kategori ekspozisyon sa yo fèt nan lide pou chanje vizyon moun genyen ak sa ki gen rapò ak kreyasyon atistik yo, pou konpare kò reyèl yo ak kò ki ekspoze yo, paske kò a se sijè prensipal ekspozisyon an, epi mete yon ti konfizyon nan mitan vizitè yo ki, si y ap gade de lwen, ka mande tèt yo eske sa se yon zèv oubyen yon kò reyèl.
Menm si gen moun ki te yon jan timid, gen lòt ki twouve se yon bèl ide, men ki pa gen okenn pwoblèm oubyen konpleksite pou yo rete toutouni devan lòt moun. Gen youn nan vizitè yo ki menm deklare, li pa wè rezon pou yon moun rete abiye aloske lap gade yon seri de zèv toutouni.
Vizit toutouni sa yo te òganize 10,11 ak 17 novanm ki sot pase la, nan yon kontèks natiris. Daprè òganizatè yo, kapasite ou genyen pou w rete toutouni an prezans lòt moun, se yon gwo defi chak moun yo bay tèt yo, epi konbat pè ak dout yo ka genyen pa rapò ak tèt yo.
Yo fè konnen tou se pat egzibisyon, men pito yon mwayen pou pèmèt vizitè yo detache yo de anvi ak bezwen yo bezwen pou yo byen parèt devan moun, epi viv eksperyans vizit la nan respè youn pou lòt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.