Burkina Faso mete kwòdonatris Nasyonzini an deyò nan peyi yo an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
burkina faso mete kwòdonatris nasyonzini an deyò nan peyi yo an
Militè yo ki sou pouvwa a nan peyi Burkina Faso mete deyò ayè vandredi 23 desanm 2022 an kwòdonatris rezidan Nasyonzini an, Barbara Manzi, aprè l te fin deside retire pèsonèl non esansyèl Nasyonzini yo nan kapital peyi an.
Nan yon kominike Ministè afè etranje Burkina Faso a mete deyò, gouvènman an mande kwòdonatris rezidan Nasyonzini an kite peyi a san pèdi tan, vandredi 23 desanm lan menm, akoz l ap sal imaj peyi an epi dekouraje envestisè vini.
Daprè minis afè etranje an, Olivia Rouamba, konpòtman Barbara Manzi an inakseptab, sa ki rann yo dwe pran responsblite yo, pawòl minis lan nan yon entèvyou nan televizyon nasyonal peyi Burkina Faso.
Daprè minis lan, Barbara Manzi pa sispann vann mal imaj Burkina Faso kote li menm anonse yon kawo nan peyi a pou mwa k ap vini yo. Madam Olivia Rouamba fè konnen gen gwo efò k ap fèt sou plan sekirite nan peyi a e Nasyonzini ta sipoze mete l nan yon pozisyon pou ede yo.
Sou kwòdonatris rezidan Nasyonzini an gouvènman an mande kite peyi a, Olivia Rouamba fè diferans ant moun Barbara Manzi ye an ak Nasyonzini ki, daprè sa l fè konprann, se yon enstitisyon Burkina Faso toujou swete gen bon koperasyon avè l.
Barbara Manzi gouvènman boukinabè a fòse kite peyi a akize kòmkwa li ta ap rantre nan politik anndan peyi a epi tante tabli yon enfliyans negatif nan Burkina Faso, akote desizyon sa li te pran pou kont li pou retire pèsonèl non esansyèl yo nan biwo Nasyonzini an.
Burkina Faso, depi fen septanm ane sa, gen nan tèt li yon pouvwa militè kapitèn Ibrahim Traoré ap dirije aprè yon koudeta li te mennen pou chavire Paul Henri Sandaogo Damiba, yon lòt militè ki te pran pouvwa aprè yon koudeta nan kòmansman ane 2022 a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.