Ajan Polis nasyonal yo sezi maten madi 13 jen 2023 a sezi plizyè santèn manchèt popilasyon an t ap sèvi pou kontrekare bandi san fwa ni lwa nan kapital la pandan mouvman Bwa Kale a. Operasyon sila fèt nan zòn anba Latibonit, sitou nan Desoulye ak Pon Sonde.
Moun sa yo, daprè temwanyaj yo, se pwòch kowalisyon Jandeni an, yo te monte gwo barikad epi mande tout pasaje yo pou idantifye yo kòmsadwa. Yon seri mezi popilasyon an te pran nan kad operasyon « Bwa Kale » a ki te vize derasinen klima ensekirite a k ap domine nan plizyè rejyon nan anba Latibonit lan ki anba kontwòl lidè gang « Gran Grif » la, Lukson Elan.
Manm popilasyon an ki pa satisfè ak desizyon sa, move kou kong epi mete gwo bis ak branch bwa pou kontinye bare wout yo
Nou ta dwe konstate tou, depi kòmansman mouvman « Bwa Kale » a, zak kidnapin ak ensekirite a rekonèt yon gwo diminisyon nan rejyon sa.
Facebook Comments