Georgina Rodriguez ap resevwa yon konpansasyon 170 000 dola chak mwa nan men Cristiano Ronaldo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
georgina rodriguez ap resevwa yon konpansasyon 170 000 dola chak mwa nan men cristiano ronaldo

Atakan pòtigè Al-Nassr an, Cristiano Ronaldo gen pou l bay mennaj epi manman pitit li, Georgina Rodriguez, yon konpansasyon 170 000 dola chak mwa jiskaske l mouri daprè sa ajans afriken Pulse Sports Nigeria rapòte.

Modèl epi enfliyansez espanyòl la ta gen pou resevwa gwo kantite lajan sa chak mwa, mete sou divès lòt privilèj ki sòti nan patrimwàn atakan pòtigè an ki pami espòtif ki pi rich sou planèt la. Daprè Pulse Sports, akò sa vize pwoteje aktif yo chak nan relasyon sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Menmsi koup lan pa sispann demanti enfòmasyon ki fè kwè yo ta sou wout kraze relasyon an aprè anviwon 6 lane ansanm, gen lòt revelasyon ki fèt konsènan yon posib akò nan relasyon sa sou patrimwàn de pwotagonis yo. Atakan pòtigè an gen pou l bay Georgina Rodriguez 170 000 dola chak mwa jiskaske l mouri.

De moun sa yo ki ansanm depi lane 2017, te reyaji semèn ki sot pase a sou rimè ki fè kwè yo sou wout kite, pandan pasaj yo nan peyi Espay, presizeman nan vil Madrid, pou yon kanpay piblisite. Pou enfliyansez espanyòl la, se Laprès k ap envante istwa sa yo.

Cristiano Ronaldo ak Georgina Rodriguez ki gen 2 pitit ansanm, Alana Martina ak Bella Esmeralda, mete sou tit manman legal Eva ak Mateo an, genyen akò sa ki ta pral tabli pandan moman jèn fanm espanyòl la te ansent premye fwa a nan lide pou pwoteje patrimwàn endividyèl yo chak nan relasyon sa avan yon posib maryaj.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.