Kominote Karayib yo (CARICOM) mande lapolis nan peyi Dayiti pou yo « fè tout mwayen posib pou kenbe lapè ak lòd sou teritwa nasyonal la epi pou evite poze aksyon k ap genyen gwo konsekans ak domaj sou peyi a pi douvan ».
Nan yon kominike, Kominote a eksprime preyokipasyon li genyen aprè divès sèn vyolans ki anrejistre nan peyi a aprè lanmò 6 polisye yo nan Lyankou, yon komin depatman Latibonit. CARICOM fè konnen “ dènye ensidan yo montre defi grav Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ap fè fas, epi montre sekirite Ayiti efondre yon lòt fwa ankò. Yon peyi ki fè pati òganizasyon an.”
Kominote Karayib yo fè konnen tou, plizyè polisye ak zam atake rezidans prive premye minis peyi a, Ariel Henry, ki pa t la nan moman sèn vyolans yo, jedi pase a. Polisye sa yo te vle denonse silans otorite yo fas ak lanmò plizyè frè yo anba men bandi ak zam.
Òganizasyon rejyonal la kondane yon lòt kote, lanmò polisye sila yo epi deklare li pataje “kòlè ak konstènasyon” lapolis la akòz pèt sila yo ki anrejistre a, men an menm tan, CARICOM di, li pa p tolere dezòd fèt sou nenpòt fòm nan.
Nan fen nòt li a, Kominote Karayib yo mande pou lòd retounen sou teritwa a paske “lè lapolis abandone wòl li ki se pwoteje ak sèvi tout sitwayen, sa destabilize peyi a pi plis”.
Facebook Comments