Sa gen yon semèn, Lapolis nan peyi Lespay te mennen Daniel Alves dèyè bawo pou koze agresyon seksyèl. Malgre li pa gen libète l, Dani kontinye ap jwi pasyon l ki se foutbòl, andedan lakou prizon an.
Yo ka pran tout sa w genyen, pèsòn pa ka wete nan kè w lanmou w genyen pou yon bagay. Se sa Daniel Alves ap aprann nou la. Ansyen jwè Seleçao a yo akize kòm agresè seksyèl epi k ap pase tan l nan prizon kounye a la, pa sispann frape balon.
Nan lide pou l akomode ak nouvo anviwonnman l ap evolye a, Daniel Alves te patisipe nan yon match kote l t ap jwe ansanm ak detni parèy li. Pa gen detay sou kijan pèfòmans lateral dwat lejandè a te ye nan pati foutbòl sa. Men tout konnen Alves se yon moun ki toujou jwe foutbòl ak kè kontan.
Nan atant pou lajistis fè limyè sou dosye jwè ki pi titre nan mond foutbòl la, Dani ap woule balon ak prizonye parèy li. Yo menm fè konnen Daniel Alves se youn nan privilejye nan prizon an kote l gen yon kat pou l depanse 100 Ewo pa jou. Li pa gen okenn pwoblèm pou l jwenn pwodwi premye nesesite yo.
Daprè sa »Ya es mediodía » fè konnen, gen nan prizonye yo ki pè pou yo pa retade vizit yo, tèlman yo trete Dani tankou prens kote yo kenbe a tit pwovizwa a, pandan y ap tann pwosè l la.
Facebook Comments