CSPN mande Wo Kòmandman Lapolis la pou yo pran an konsiderasyon revandikasyon polisye yo

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
cspn mande wo kòmandman lapolis la pou yo pran an konsiderasyon revandikasyon polisye yo

Aprè bandi ak zam te fin etenn souf anviwon 15 polisye nan Metivye, yon lokalite ki chita kò l nan  komin Petyonvil,  ak nan Lyankou, nan depatman Latibonit, plizyè gwoup polisye te òganize yon mouvman manifestasyon ak sipò popilasyon sivil la, pou eksprime endiyasyon yo epi mande otorite PNH yo, pou yo pran responsabilite yo.

Se sak fè,  Ministè Kilti ak Kominikasyon (MCC) nan yon kominike pou laprès, fè konnen manm Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN), reyini ayè Dimanch 29 janvye 2023 a. Manm CSPN yo te fè rekòmandasyon bay Wo kòmandman Lapolis Nasyonal Dayiti a, ladan yo, pou yo pran an konsiderasyon revandikayon Polisye yo.

« Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la mande Wo Kòmandman Lapolis la, pran an konsiderasyon, otank posib, revandikasyon lapolis la, pou yo kapab reponn ak misyon yo ki se pwoteje ak sèvi popilasyon an Ayisyen an, sitou nan moman sa yo, kote pèp Ayisyen an bezwen fòs lapolis li yo », te ekri Ministè Kilti ak Kominikasyon.

Yon lòt bò, MCC fè konnen nan  kominike sila a, CSPN nan  mande tou, yon ankèt apwofondi sou ensidan ki te pase nan ayewopò Pòtoprens lan jedi 26 janvye 2023 a,  epi li mande entitisyon polisyè a, pou revize epi ranfòse mezi sekirite nan ayewopò a avèk  lòt enfrastrikti estratejik ak souveren yo, yo ankouraje Gouvènman an avèk  Lapolis Nasyonal la, pou yo pran tout dispozisyon avèk plis serenite pou ankouraje fonksyonman lekòl yo, ansanm ak tout lòt sektè aktivite yo.

N ap raple, dènye zak gang ak zam yo komèt nan depatman Latibonit lan,  kote yo touye omwen 7 polisye yon sèl kou aprè divès polisye fin mouri asasinen nan Petyonvil, revolte popilasyon an ak anpil polisye nan lapolis la. Sitiyasyon sa a ki lakòz yon gwo leve kanpe nan lapolis la.

Facebook Comments

Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.