Carlens Arcus jwe pi bèl match li depi lè l rive nan Eredivisie a wikenn sa. Grenadye a te bay pas gòl ki pèmèt ekip li, Vitesse Arnhem fè premye viktwa l nan chanpyona a (1-0). Pèfòmans fè yo mete Ayisyen an nan ekip-tip jounen an.
Nan Eredivisie a, lateral dwat seleksyon nasyonal la konnen premye gwo prestasyon li. Klèb li rejwenn nan mèkato a, Vitesse Arnhem t ap jwe senkyèm match li nan chanpyona peyi Lawoland lan lakay FC Groningen. Ekip Jòn al Nwa a rive mete ekip lokal la atè gras ak kontribisyon entènasyonal Ayisyen an.
Ansyen jwè AJ Auxerre a se pasè desizif match la sou grenn gòl ki bay Vitesse 3 pwen an. Se nan 77è minit la Bero ta pral make gòl sa. Vitesse Arnhem konnen premye viktwa nan Eredivisie a, nan 4 match li te jwe avan yo, li te fè yon match nil epi li te bwè dlo dan l 3 fwa. Pou kounya yo nan 14è plas nan klasman an.
Se yon bèl rekonpans pou Carlens Arcus, ki pot ko twò montre tèt li depi lè li kite dezyèm divizyon peyi Lafrans pou l vin pote mayo yon klèb premye divizyon peyi Lawoland. Nan ekip-tip senkyèm jounen Eredivisie a, yo plase l sou bò dwat defans lan nan 1-4-3-3. Aprè l te fin konkeri Lafrans, Arcus pati pou l mete grif li sou Lawoland.

