Carlo Ancelotti ta aksepte pou l vin antrenè seleksyon Brezil la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
les haïtiens en tête des migrants qui ont traversé la dangereuse jungle de darien en 2023 (1)
Antrenè Real Madrid la, Carlo Ancelotti, ta bay akò li ak federasyon Brezil la pou ta vin pran tèt Seleçao a, aprè sezon an, daprè sa ESPN rapòte jodi vandredi a.
Seleksyon Brezil la ki nan difikilte pou jwenn yon antrenè depi aprè Koup Dimond lan, sou wout pou pran antrenè italyen an, Carlo Ancelotti, k ap dirije Real Madrid pandan sezon an.
Daprè ESPN, Carlo Ancelotti ta aksepte pran tèt seleksyon Brezil la avèk yon kontra k ap gen pou pran fen aprè mondyal 2026 la k ap gen pou òganize nan rejyon CONCACAF la.
Antrenè italyen 63 lane a ki sou kontra ak Real Madrid jiska 2024, ta dwe rejwenn Seleçao a nan fen sezon an kote l pral gen pou prepare seleksyon Brezil la pou pwochen Koup Dimond lan.
Daprè menm enfòmasyon sa yo, tout pati yo deja mete yo dakò sou dosye sa epi jwè Real Madrid yo ta deja okouran de sitiyasyon sa avan menm ofisyalizasyon nouvèl sa.
N ap raple, nan dènye mondyal Kata a, seleksyon Brezil la te elimine avèk Tite nan kadefinal fas Kowasi nan seyans chout pennalite. Carlo Ancelotti sou wout pou vini youn nan ra antrenè ki dirije Seleçao a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.