Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) nan yon nòt li pibliye jodi vandredi 10 janvye 2023 sa a, fè konnen Direktè Jeneral Enstitisyon Polisyè a Frantz ELBÉ, te fè yon rankont, jedi 9 fevriye 2023 a, ak yon delegasyon Nasyonzini. Rankont sa te fèt nan lide pou kreye yon dinamik aksyon, diskite sou pi bon fason pou reponn ak defi peyi elatriye.
Daprè nòt la, objektif rankont sa a se te kreye yon dinamik aksyon, diskite sou pi bon fason pou reponn defi peyi a nan domèn dwa moun epi fè fas ak vyolans gang pou asire pwoteksyon popilasyon an.
Nan reyinyon sa ki te gen yon delegasyon Nasyonzini ki konpoze an patikilye de Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun nan, Mesye Volker Türk, Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti, Madam Helen La Lime, Kòmandan UNPOL Papa Samba MBODJ ak nan Konseye Senior Polis/BINUH Mesye Jaime VIGIL, respè pou lwa entènasyonal dwa moun te nan mitan diskisyon yo nan reyinyon sa a.
Akonpaye pa manm Wo kòmandman PNH la, kòmandan an chèf la, Frantz ELBÉ, te gen opòtinite fè yon evalyasyon sou sitiyasyon sekirite nan peyi a, pandan l ap prezante divès aksyon enstitisyon polis la ap antreprann pou konbat krim òganize.
Nan fen reyinyon an, Mesye Volker Türk te pwofite salye efò konsiderab Lapolis Nasyonal la ap deplwaye pou rive an patikilye nan eradikasyon fwaye gang yo nan peyi a.
Facebook Comments