Casemiro kapap rate 4 match pou Manchester United

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
casemiro kapap rate 4 match pou manchester united

Aprè yon dezyèm katon wouj dirèk sou yon sèl sezon nan Premier League la, Brezilyen an, Casemiro kapab sanksyone pou 4 match. Patron mitan teren ekip Manchester United la, ki te soti nan match fas ekip Saouthampton nan (0-0, 34triyèm minit) aprè yon move fot sou Carlos Alcaraz, ap tann sanksyon li.

Nan match fas ekip Crystal Palace la, ki te fèt 4 fevriye pase a, Casemiro te resevwa yon katon wouj dirèk, jodi dimanch lan fas ekip Southanpton nan, li resevwa yon dezyèm, sa ki pat konn rive ansyen jwè Real Madrid la souvan pou 8 sezon li te pase nan Liga. 2 katon wouj dirèk sa yo kapab koute United chè, paske jwè a ka  sanksyone pou 4 match.

Selon Samuel Luckhurst, ki se responsab nouvèl ekip United la :  » Casemiero kapab sanksyone pou pi piti 4 match ». Sa ki vle di Brezilyen an kapab rate match fas Fulham, Newcastle, Brentford ak Everton.

Yon lòt bò, teknisyen Nèlandè a fè konnen, li pa fin konprann desizyon sa :  » M panse gen anpil enkoyerans nan koze katon wouj sa yo, jwè yo pa menn konnen, ki politik ki kache deyè desizyon sa yo ».

Facebook Comments

Partagez cet article