Carlo Ancelotti gen gwo enkyetid avan rankont fas Liverpool la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
carlo ancelotti gen gwo enkyetid avan rankont fas liverpool la

Pou match 8tyèm final retou Champions League la fas ekip Liverpool la, 15 mars kap vini la, antrenè Real Madrid la, Carlos Ancelotti montre li gen anpil enkyetid avan rankont lan. Malgre yo te bat Reds yo 5-2 nan Anfiled la, sa pa anpeche Italyen an rete mefyan.

Carlos Ancelotti montre li enkye pou match retou Champions League la fas ekip Liverpool la, k ap fèt mekrèdi 15 mas 2023 nan Bernabeu a. Raple Real Madrid te kraze ekip Liverpool la 5-2 pou 8tyèm final ale a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Real Madrid ki gen yon pye nan kadefinal ak yon bèl avantaj sou ekip Jürgen Klopp la, pa bay Ancelotti sansasyon tout bagay gentan fèt sitou pou jan sa te fèt nan konpetisyon an sezon pase a.

« Nou gen eksperyans ane pase a kont ekip Chelsea a. Nou gen avantaj la, se sa ki fè nou favori, men nou dwe jwe 90 minit ak angouman match ale a. Nou pa bezwen al chache jere match la men nou dwe jwe 90 minit san kanpe. » Deklarasyon teknisyen Madrilèn nan, nan konferans pou laprès aprè viktwa Real Madrid sou ekip Espanyol Barcelone nan (3-1).

Karim Benzema ki pat nan match fas Espanyol Barcelone nan,nan Liga, ap retou pou chòk sa nan Champions League la fas ekip Liverpool la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive