Loïs Openda fè triple ki pi rapid nan istwa Ligue 1 an fas ekip Clermont an

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
loïs openda fè triple ki pi rapid nan istwa ligue 1 an fas ekip clermont an

Nan kad 27tyèm jounen Ligue 1, jwè Bèlj la rive fè 3 gòl nan 4 minit 31 sekond. Yon triple ki pèmèt ekip Lens maltrete Clermont (4-0). Loïs Openda bat rekò Matt Moussilou an ki te gen 18 lane. Jwè a reprann konfyans aprè li te fè 2 mwa san make.

Nan estad Gabriel-Montpied, jwè bèlj la, Loïs Openda rive fè triple ki pi rapid nan istwa Ligue 1 an, nan selman 4 minit 31 sekond. Yon sekond pèmèt jwè Lens nan bat rekò ansyen jwè Lille la, Matt Moussilou, ki te reyalize pefòmans sa nan lane 2005 fas ekip Istress la.

Loïs Openda ki bat yon rekò ki te gen 18 lane nan Ligue 1 an, rejwen chimen filè aprè 2 mwa, kote l te fè yon gòl fas ekip Strasbourg an.

Bèl viktwa sa sou ekip Clermont an (4-0), mete ekip Lens nan 3zyèm plas klasman ak 54 pwen nan do ekip Marseille la, ki gen 55 pwen. Yon lòt kote, ekip Clermont an nan mitan tablo a ak 34 pwen.

Facebook Comments

Partagez cet article