Categories: AN KREYÒL

CCIHC kondane fason otorite dominikèn yo ap trete Ayisyen yo

Share

Chanm Komès ak Endistri Ayisyen-Kanadyen an di li revòlte  ak lapenn pou tretman inimen otorite dominiken yo ap bay Ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn. Daprè CCIHC, tretman yo ale kont dwa fondamantal moun, mete sou sa tretman sa yo ale kont akò entènasyonal yo Ayiti ak Repiblik Dominikèn siyen. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon lèt ki te adrese ak Premye Minis Ariel Henry, Chanm Komès ak Endistri Ayisyen-Kanadyen an mande gouvènman an pou l aplike aksyon ki nesesè pou konpatriyòt yo trete ak diyite nan peyi vwazen an. 

“Sitiyasyon sa a rive nan moman peyi nou an ap travèse youn nan pi move tan nan listwa li nan akimile kriz politik, ekonomik, sosyal ak sekirite ki fè anpil Ayisyen pè pou yo chèche yon lavi miyò. Poutan, sa pa kapab jistifye silans nou an fas a soufrans ak abi konpatriyòt nou yo sibi”, nou ka li nan nòt sa a. 

Nan sans sa a, Chanm Komès ak Endistri Ayisyen-Kanadyen an fè konnen  pa gen okenn relasyon dirab,  oubyen ekonomik, ki ka anvizaje san respè pou dwa ak libète tout moun. 

 

 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by