Chalè nou santi an Ayiti a poko anyen daprè Chrisnette Saint-Georges

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
chalè nou santi an ayiti a poko anyen daprè chrisnette saint georges

Vag chalè ki sou peyi d Ayiti aktyèlman an pa anyen devan sa ki gen pou vini apati demen mèkredi 19 jiyè 2023 a pou rive wikenn pwochen. Jounalis Chrisnette Saint-Georges ki abitye prezante bilten metewo sou plizyè estasyon radyo nan kapital la, fè konnen « chalè nou santi an Ayiti a poko anyen devan sa k ap vini an ».

Apati mèkredi sa, tanperati a p ap lwen 38°C yo pandan jounen an epi 27°C nan aswè. Sa ki ap lakoz gen yon van cho k ap soufle epi chalè a ap pi rèd, si nou fye ak pawòl madam Saint-Georges.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou evite dega, Chrisnette Saint-Georges mande pou popilasyon an kenbe menm konsèy li te bay oparavan yo : genyen yon kout je an pèmanans sou timoun piti ak sila ki aje yo, san neglije andikape yo. Li mande pou popilasyon an bwè dlo anpil ak evite rad ak souvètman ki sere anpil oubyen ki konsève chalè. PA NEGLIJE BENYEN. Konsa tou li mande pou moun yo redwi nan aktivite fizik yo pandan menm peryòd la.

Madam Chrisnette Saint-Georges mande pou popilasyon ayisyèn lan rete vijilan fas ak kondisyon atmosferik aktyèl la, epi endike chalè a ap atenn dènye nivo l, kidonk pik li, nan mwa dawout k ap vini la.

N ap raple, depi mwa jen pase yon vag chalè ap layite kò l sou plizyè rakwen planèt la epi fè gwo dega nan kèk zòn, tankou dife forè yo nan Amerik la, Kanada. Òganizasyon Meteyowolojik Mondyal (OMM) te anonse 14 jiyè pase a chalè entans sa ka kontinye pandan 2 semèn k ap vini yo, epi dire jouk mwa dawout 2023.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.