Chofè brigad medikal kiben an ki te nan men kidnapè yo jwenn liberasyon li

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
liberasyon chofè brigad medikal kiben an ki te nan men kidnapè
Alejandro Aguilera Milanés, chofè brigad medikal kiben bandi ak zam te kidnape nan kapital la 23 janvye ki sot pase a, jwenn liberasyon l ayè mèkredi an, daprè enfòmasyon Ministè kiben sante piblik kominike.
Mesye Milanés ki se chofè brigad medikal peyi Kiba gen an Ayiti an, finalman jwenn liberasyon li ,nan aprèmidi premye fevriye a, aprè anviwon yon semèn nan men kidnapè.
Otorite medikal kiben yo ki konfime nouvèl sa pa bay twòp detay sou kondisyon liberasyon sa a, kote ravisè yo te egzije yon gwo kantite lajan pou libere resòtisan yo an.
Ministè sante piblik kiben an, malgre zak sa, renouvle volonte yo pou kontinye bay sèvis yo ak popilasyon ayisyèn lan jan yo abitye fè li depi plis pase yon ventèn lane nan kad koperasyon ki egziste ant 2 peyi yo, prensipalman nan kesyon sante.
Toutfwa, otorite kiben yo mande ajan yo genyen nan bigad medikal an Ayiti an pou respekte mezi sekirite ki mete an plas yo, nan lide pou evite yo kontinye viktim nan ensekirite jeneralize ki gen nan peyi an.
Ministè kiben sante piblik lan, nan nòt sa, remèsye otorite nan peyi Dayiti yo ansanm ak tout moun bon volonte ki te mobilize imedyatman pou te kapab ede yo jwenn liberasyon chofè yo an byen rapid, an tout sekirite.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.