Claire Constant siyen nan yon klèb premye divizyon Pòtigal

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
png 20230131 173800 0000
Defansè ayisyèn nan Claire Constant ki t ap evolye nan chanpyona inivèsite a nan peyi Etazini rejwenn Pòtigal kote l siyen nan SCU Terrense, klèb premye divizyon chanpyona potigè a bò kote medam yo.
Entènasyonal ayisyèn lan ki t ap jwe depi plizyè lane nan University Virginia Cavalier, rejwenn kontinan ewopeyen an pou yon nouvo eksperyans kote l pral gen pou jwe rès sezon an nan chanpyona feminen potigè a ak klèb SCU Terrense.
Defansè ayisyèn 23 lane a anpil moun ta pral dekouvri nan dènye CONCACAF W Championship lan nan peyi Meksik, franchi yon etap enpòtan nan karyè foutbòl li aprè pasaj li nan chanpyona inivèsitè ameriken an.
Claire Constant anpil klèb t ap fè je dou sitou aprè seri bèl pèfòmans li yo sou koulè mayo seleksyon nasyonal la, finalman chwazi chanpyona potigè a kote l pral gen pou jwe nan nivo pwofesyonèl ak SCU Terrense Club.
Entènasyonal ayisyèn lan ki te kite ekip inivèsite Virginia Cavalier a nan mwa novanm ki sot pase a, siyen yon kontra pou 4 lane avèk klèb potigè a nan kad nouvo eksperyans sa. Toutfwa, tou de pati yo poko fè okenn kominikasyon sou montan transfè sa.
Depi entegrasyon l nan seleksyon nasyonal la bò kote medam yo nan mitan ane 2022 a, Claire Constant deja jwe senk (5) match ofisyèl avèk Ayiti, pami yo, trè bèl viktwa 3-0 fas Meksik nan CONCACAF Women Championship lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.