Aprè kèk gwo ekip ewopeyen tankou Real Madrid, Barcelone, Juventus, Machnester City ak anpil lòt te deside kore pwojè Super League la ki te pran nesans li nan mwa avril 2021 an, yon pwojè UEFA/FIFA te voye jete byen lwen aprè 2 jou. Ayè madi a pwomotè Super League yo genyen yon batay, kote UEFA ak FIFA pap ka sanskyone pwojè a ankò.
Super League la se yon pwojè ki kreye nan sousi pou ta gen yon lòt konpetisyon pou gwo klèb ewopeyen yo. Depi ayè madi 31 janvye a, UEFA ak FIFA pa p kapab sanskyone pwojè Super League la. Sa ki se yon gwo frap pou 2 enstans ki gen priz desizyon sou foutbòl ewopeyen an.
Daprè AS, men sa majistra yo fè konnen sou dosye sa :
» FIFA ak UEFA pa ka jistifye konpòtman yo ki baze sou konkirans, kòm si yo se sèl enstitisyon ki gen dwa sou foutbòl ewopeyen an, sitou lè yo sèvi ak sa kòm eskiz pou yo gen kontwòl foutbòl la, epi voye jete yon pwojè ki kapab vin konkirans yo »
Yon enfòmasyon ki byen tonbe pou pwomotè pwojè Super League la. Kote rapò tribinal nan vil Madrid denonse posizyon UEFA ak FIFA. Men desizyon sa se yon gout dlo nan vaz la, paske Super League la gen anpil chimen pou lòt batay pou l genyen toujou.
Pi gwo desizyon an rete ak Kou Jistis inyon ewopeyen an. Paske desanm 2021 ki sot pase a, avoka enstitisyon an te fè konnen UEFA ak FIFA te nan dwa yo lè yo te voye jete pwojè Super League lan. Jiska kouwèl ye la a, dosye Super League la se yon dosye k ap kontinye fè chimen l.


