Ansyen anvwaye espesyal Etazini an Ayiti a, Daniel Foote, nan yon entèvyou li bay ZoomHaitiNews, fè konnen ansyen premye minis pou ti bout Claude Joseph te gen volonte fè respekte souvrènte peyi an aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2021.
Diplomat lan ki pa janm mete dlo nan bouch li pou pale sou koze Ayiti a aprè demisyon li nan diplomasi ameriken an. Daprè Daniel Foote, nan moman li te anvwaye espesyal an Ayiti an, Claude Joseph te toujou konn gade l dwat nan je.
«Claude Joseph te toujou gade m dwat nan je lè l ap pale avè m, li te enspire m konfyans. Sa Ariel Henry pa janm fè», sa diplomat ameriken an deklare, ki egalman fè konnen premye minis pou kounya se yon ti jwèt pou kominote entènasyonal la ki kapab jwe l lè yo vle.
Pou Daniel Foote, ansyen chanselye ayisyen an te gen volonte pou fè respekte souvrènte peyi Ayiti, e se ta youn nan rezon ki ta lakoz kominote entènasyonal la ta mete Ariel Henry pou ranplase l aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Nan menm entèvyou sa, diplomat ameriken an fè konnen nan kad seri depòtasyon an mas ki t ap fèt ak migran ayisyen ki te bloke anba pon Texas yo, premye minis Ariel Henry te pwomèt gouvènman ameriken an l ap resevwa yo. Daniel Foote fè konnen li ap difisil pou yon moun fè pi mal pase travay sa Ariel Henry fè an.
Facebook Comments