Concacaf la ak CONMEBOL la, 2 konfederasyon foutbòl ki gen nan amerik la fenk siyen yon akò pou yo jere konpetisyon yo nan kontinan an. Yo tou anonse Copa America 2024 la ap fèt Etazini.
Concacaf la ki regle zafè foutbòl nan zòn Amerik Nò, Amerik Santral ak Karayib yo epi CONMEBOL la ki jere sa nan Amerik Sid la, jwenn yon akò pou yo òganize konpetisyon k ap fèt nan zòn nan. Sa pral tanmen ak Copa America 2024 la.
Jan sa te fèt nan lane 2016, Copa America a pral jwe nan peyi Etazini. Se 16 ekip nasyonal k ap nan konpetisyon an : 10 ekip Amerik Sid yo epi ap gen 6 k ap soti nan zòn Concacaf la. Yon tounwa k ap kòmanse ak 4 poul.
Se nan Concacaf Nations League la 6 ekip Concacaf yo ap jwenn chans kalifye pou konpetisyon sa. Akò sa siyen nan lide pou yo devlope foutnòl la sou kontinan an pandan elit Concacaf la ap kwaze ak ekip Amerik Sid yo.
Facebook Comments