Créolo Folie Fest, Yon festival nan kè vil Paris pou valorize Lang ak kilti Kreyòl

Steven Aristil
Par Steven Aristil

Créolo Folie fest se yon festival ki gen pou reyalize nan kad mwa Lang ak kilti kreyòl, soti 22 pou rive 24 oktòb 2021 sou tèm : vektè enkontounab pou rekonsilyasyon nasyonal an ayiti, pou premye edisyon sila se ekriven Jean Jacques Emmanuel Ki envite donè , li se aktyèl minis kilti peyi a. Objektif festival sila se fè nou reflechi ak anpil pwofondè sou idantite nou kòm pèp , selon deklarasyon Wilgens Pierre Jean, kise youn nan responsab aktivite sila.

Lide pou kreye Yon festival konsa vini aprè plizyè konsta manm nan ekip festival la fè sou majorite ayisyen k ap viv plis ap eseye kopye etranje Yon fason pou yo sanble ak yo, pandan yo jete tout sa ki nan kilti yo e sa ki fè idantite yo. Toujou selon Wilgens Pierre Jean, gen yon transmisyon Kiltirèl ki pa fèt menm pou Lang kreyòl la, pou ayisyen k ap viv nan diaspora a, Paske majorite pitit yo pa pale Lang kreyòl la.

Soti 22 pou rive 24 oktòb, nan lide pou klotire mwa lang kreyòl la an bote, responsab yo chwazi peyi lafrans Pou fè premye edisyon an paske lafrans se youn nan peyi Ki gen yon rapò istorik e Kiltirèl ak peyi dayiti san bliye enfliyans Lang fransè a sou Lang kreyòl la, se kèk rezon Ki lakoz se nan vil limyè a festival la lanse, men n ap souliye Pou nou, festival sila se yon karavan li ye, nan pwochen edisyon yo l ap fèt nan plizyè peyi an menm tan.

Nan yon entèvyou nou ye genyen ak Wilgens Pierre kise youn nan moun Ki gen misyon pou pale nan non festival la, li fè konnen gen plizyè rezon pou yon moun kapab deplase vini patisipe nan aktivite a soti 22 pou rive 24 oktòb k ap vini la, ak yon Ki varye e k ap trè enteresan kote k ap gen deba , kozri, ak plizyè pèsonalite ki pase de prezantasyon, teyat nasyonal ap la Pou l mete koulè nan festival la, e ak gen yon fwa gastwonomi pou mete an valè manje ayisyen San konte plizyè pwen k ap genyen nan festival la.

Pou premye edisyon sila, ap gen plizyè envite k ap soti nan peyi dayiti melanje ak sa ki lafrans, yon fason Pou kreye yon bon pwogramasyon an e k ap pèmèt li divèsifye.

Pou pwojè sila te kapab pran nesans se tout yon ekip jèn fanm ak jèn gason ki mete tèt yo ansanm Pou panse li, nou kapab site kèk non Tankou : Wilgens Pierre Jean, Louis Chérel Cinéus, Carl Benoît d’Afrique , Venise Fiacre,Fritz-Ony Dorcé. Se kèk pami moun ki konpoze limite festival sila.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article