Cristiano Ronaldo bat rekò, jwè ki jwe plis match nan seleksyon nasyonal 

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
cristiano ronaldo bat rekò, jwè ki jwe plis match nan seleksyon nasyonal 

Nan kad match pou kalifilasyon Ewo 2024 la, Pòtigal bat ekip Liechtenstein lan 4-0, Cristiano Ronaldo make yon double, se 119vyèm ak 120tyèm gòl li sou koulè mayo seleksyon Pòtigal la. Jwè Al-Nassr la te tou pwofite mete rekò jwè ki jwe plis match nan seleksyon nasyonal la (197), li bat rekò Koyetyen an, Bader Al-Mutawa (196).

Pòtigal kraze ekip Leichtenstein lan nan vil Lisbòn, yè jedi a, nan kad match pou kalifikasyon pou Ewo 2024, Nimewo 7 Potigè a bat rekò jwè ki te gen plis match nan zafè seleksyon epi make yon double.

Ansyen jwè Real Madrid la ki pral gen 20 lane depi l nan seleksyon Pòtigal la, gentan jwe kont 70 nasyon foutbòl. Li patisipe nan tout konpetisyon yo depi ewo 2004 la. Li jwe 5 Koup Ewop, 5 Mondyal. Natif Nadè a pran 2 tit majè ak Pòtigal Ewo 2016 epi Lig Nasyon 2019 la.

Jwè ki pran Balon dò 5 fwa a, gen rekò jwè ki fè plis gòl nan seleksyon, devan Iranyen an Ali Daei (109), yon rekò li te bat nan lane 2021 fas Irland. Fwa sa a se rekò jwè ki jwe plis match nan seleksyon gason an.  Ak Pòtigal istwa Cristiano Ronaldo a poko ap pran fen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article