Lèzetazini ak Kanada kontinye ap analize entèvansyon yo ta dwe fè an Ayiti a

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
lèzetazini ak kanada kontinye ap analize entèvansyon yo ta dwe fè an ayiti a

Sekretè Deta ameriken an, Anthony Blinken deklare ayè jedi 23 mas 2023 a « prezidan ameriken an Joe Biden toujou nan chita pale avèk Kanada sou yon posibilite entèvansyon yon fòs militè nan peyi Dayiti », swit ak deplasman ofisyèl li sou teritwa kanadyen an pou l te chita pale avèk Premye minis Justin Trudeau.

« Genyen chita pale sou ki fòm fòs miltinasyonal Nasyonzini Lèzetazini ap patisipe aktivman ladan l ak Kanada », se deklarasyon responsab la devan komisyon Afè Etranjè Chanm amerikèn nan.

M. Blinken revele, Lèzetazini ak Kanada pral wè kijan yo ka mete tèt yo ansanm avèk lòt peyi ki regwoupe CARICOM nan, ki se alyans nasyon yo ki nan Karayib la, pou yo prezante yon altènativ ak ensekirite a an Ayiti.

Yon lòt kote, Sekretè d Eta ameriken ajoute Lèzetazini toujou manifeste volonte l pou l ranfòse Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), daprè li menm, ki pa gen “resous adekwa” pou mennen yon batay dirab kont gang yo k ap feraye toupatou.

N ap raple se pa premye chita pale Lèzetazini ak Kanada fè sou dosye Ayiti a. Depi aprè mobilizasyon « Bwa Kale » yo, sou tout etandi teritwa a pou te pwoteste kont gouvènman Ariel Henry a – mete sou sa, pisans gang yo ki te ranfòse, patikilyèman Kowalisyon ‘’G9 an fanmi e alye’’ ki te pran kontwòl tèminal Varreux nan Site Solèy  la.

Rejim aktyèl la te mande yon entèvansyon militè prese prese pou jere sitiyasyon an. Se ta pral okazyon pou Kominote entènasyonal la sanksyone plizyè moun, ant wo responsab politik ak bandi yo, k ap finanse ak sipòte gang sou tè Papa Desalin nan.

Pou entèvansyon yon fòs sou teritwa nasyonal la, Lèzetazini ak Kanada ap etidye demann sila a, men depi fen 2022 a,rive jouk jounen jodi a, etid la poko janm ka fini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.