Konsèy Siperyè Lajistis la (CSPJ) pa renouvle manda omwen 7 majistra nan kad yon operasyon sètifikasyon ki te vize mete ajou lis majistra nan sistèm jidisyè a.
Vrèman vre, plizyè majistra pa akredite pa CSPJ, majistra sa yo ekskli nan sistèm jidisyè a. Yo se Legroise Avril, Ramoncite Axime, Frédéric Rennie, Merlin Toussaint (VP-ANAMAH), Pierre Maximin, Evans Eltima ak Osner Petit Papa.
Daprè kèk enfòmsyon ki vin jwenn redaksyon Netalkole Medya a, anpil nan jij sa yo pa kapab jistifye byen yo, alòske gen lòt ki te bay fo dokiman akademik pou yo rive nan lajistis peyi a yon zak ki ilegal dapre Manman Lwa peyi a.
Li bon pou nou raple, depi kèk tan sistèm jidisyè Ayisyen an ap fè fas ak kèk gwo pwoblèm kote pa twò lontan bandi ak zam te pran kontwòl Palè Jistis, mete sou sa a, grefye nan plizyè jiridiksyon t ap fè grèv, elatriye. Donk, tout sa yo gen gwo gwo enpak negatif sou bon fonksyonman aparèy jidisyè Ayisyen an.
Facebook Comments