Daddy Yankee kite lemond pou l remèt lavi l bay Jezi

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
daddy yankee kite lemond pou l remèt lavi l bay jezi

Sipèsta mizik latin nan, Daddy Yankee fè yon kraze kite sa ak mizik lemond lan. Daprè sa l di nan dènye pèfòmans li a, l ap sèvi ak talan l epi lavi l pou l evanjelize lemond pou Jezi.

Tout moun konn tande Despacito. Se te youn nan pi gwo it mondyal ki fèt dènye ane sa yo. Li te sekwe lane 2017 la. Se te Daddy Yankee ki te sou li ak Luis Fonsi. Malgre gwo karyè li konnen nan mizik, Daddy Yankee deside pa rapouswiv avanti a. Rezon an se paske li remèt lavi l bay Jezi.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Mwen pa wont pou m di tout lemond Jezi ap viv nan mwen epi m ap viv pou li” se sa atis la fè konnen. Dimanch ki sot pase a, chantè regetonn nan fè adye l nan yon konsè ki t ap klotire toune La Meta a nan peyi l Pòto Riko.

Nan okazyon sa li te deklare “Moun mwen yo, jodi a se jou ki pi enpòtan nan lavi m. M te vle pataje l avè n paske viv yon vi siksè pa menm bagay ak lè w ap viv yon vi avèk objektif”. Nan jou sa, li te fin pèfòme youn nan premye e pi gwo it li Gasolina ki te sòti an 2004.

Rapè a pral pran nouvo depa pandan l pral fè yon karyè kretyen sou non manman l ak papa l te ba l, Ramón Ayala. Daddy Yankee te tanmen karyè l nan lane 1992 e li rete youn nan pi gwo atis mizik latin nan pa janm konnen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.