Non 10 gwo ofisye PNH ki gen biznis ajans sekirite nan peyi a

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
non 10 gwo ofisye pnh ki gen biznis ajans sekirite nan peyi a
Nan yon lèt li ekri ak kòdonatè Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA), mesye Lionel Lazarre. Komite Asosyasyon Ajan Sekirite Pwofesyonèl yo (AASP) prezante yon lis 10 gwo ofisye PNH la ki genyen biznis konpayi sekirite k ap fonksyone kòmsadwa andedan peyi a epi yon lis viktim ajans sa yo anrejistre. 
Alòske Ayiti ap fè fas avèk yon gwo defi sekirite, 10 ofisye wo grade nan Polis Nasyonal Dayiti, ki gen ladan DG Enterimè PNH la Frantz Elbé, posede konpayi sekirite yo andedan peyi a. Yon bagay ki kontrè ak tèks ki gouvène fonksyonman enstitisyon an.
Lis non polisye yo avèk non ajan ki mouri yo
Frantz Elebé ;  Sécurité Plus (Domond Ricardo, Pierre Max Alvalex)
Wister Coicou ; Coicou Sécurité (Almick Jn Pierre)
Salvador Etienne ; Chax Sécurité
Jean Gospel Monélus ; Power Sécurité (Dorius Jean Fabien, Chéry Archille Jimmy, lindor Jacquelin)
Xavier Seide ; Tiger Sécurité (Kenel Dolcé)
Alix Laguerre ; ASTE Sécurité (Laurore Marc-Arthur)
Rendel Kenel ; Mass Sécurité (Henry Loizil)
Alexis Johny ; Delta Sécurité
John Celestin ; Carribean Sécurité (Barthelemy Jean Gardy, Sainté Frisnel, Chalumeau Guy)
Elie Melay ; Labrador Sécurité (Timothée Wagnac)
Se ansanm manm sa yo nan wo kòmandman lapolis la ki se alafwa pwopriyetè ki gen biznis ak AASP, anba zye Ministè Afè Sosyal ak Teavay (MAST).
Pi lwen, AASP mande sendika polis la pou ede l nan fason pa yo, pou pote plis limyè nan dosye sila a.

Facebook Comments

Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.