Daprè Forbes, Real Madrid se klèb ki pi chè nan mond lan

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
daprè forbes, real madrid se klèb ki pi chè nan mond lan

Aprè yon etid magazin ameriken an, Forbes, reyalize sou ekip ki antre plis kòb nan mond lan, Real Madrid se ekip ki pi chè a. Kritè magazin lan te itilize pou etid la posib se : lajan klèb la antre pandan sezon an, lajan estad la antre, esponsò ak rezilta. Real se klèb ki pi chè a ak yon valè ki estime ak 6,07 milya dola.

Daprè magazin Forbes, Real Madrid se klèb ki pi chè nan mond lan ak yon montan 6,07 milya dola, ki vo 5,67 milya ewo. Real Madrid antre plis kòb pase tout lòt ekip pou sezon an epi estad li a ba li anpil kòb. San bliye pil esponsò k ap sipòte madrilèn yo ak pèfòmans yo tou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lòt klèb ki antre anpil kòb selon magazin lan, se Manchester United ak 6 milya dola, FC Barcelone (5,61 milya dola), PSG ki nan 7èm plas la ak 4,21 milya dola. Aprè United ki kole ak Real Madrid, gen 5 lòt klèb anglè ki nan klasman an, Liverpool, Manchester City, Chelsea, Tottenham epi Arsenal.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive