Pòtoprens ap tann 343 mil baril gaz, men toujou gen ratman !

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pòtoprens ap tann 343 mil baril gaz, men toujou gen ratman !

Biwo monetizasyon pwogram èd pou devlopman (BMPAD), anonse Pòtoprens dwe resevwa 6 jen k ap vini la yon nouvo kagezon 343 mil baril gaz. Li fè anons sila sou kont Twitter li jodi mèkredi 31 me an.

Nan detay yo, BMPAD enfòme nouvo kagezon sila ap genyen ladan l 163 mil baril gazolin ak 180 mil baril dyezèl. Men avan sa, li fè konnen gen yon premye kagezon 100 mil baril ki ta dwe rive nan kapital la, Pòtoprens, jodi 31 me a pou al bout premye jen k ap vini la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sa genyen plizyè mwa, sòti depi lane pase, yon rate gaz ap bat rejyon metwopolitèn lan ak vil pwovens yo. Malgre anons BMPAD te fè sou disponiblite pwodwi sila, nan ponp yo pa t janm gen gaz, sitou gazolin.

Mete sou sa, lè ponp yo genyen gaz, yo souvan kenbe li pou fè mache nwa epi vann li nan resipyan, tankou galon ak doum, pou moun k a fè komès atè ak li epi vann li byen chè. Nan yon premye tan, otorite yo te konn lite kont pratik sila. Pou kounya, yo pa okipe l ditou, komès gaz la ap fèt nan lari tankou yon biznis ki totalman legal.

Lòt pwoblèm, lè kamyon k ap fè livrezon nan ponp yo ap sòti nan Tèminal Varreux ki chita kò l nan Site Solèy, bandi mete lapat sou yo pafwa, swa pou rezon pèsonèl yo oubyen pou al vann.

N ap raple, pou kounya, galon gaz la vann 114 dola ayisyen nan ponp, epi pou pi plis 180 pou rive 200 dola ayisyen nan lari a. Toutfwa, depi kèk tan, ratman gaz la redwi. Plizyè ponp ap bay gaz kòmsadwa, men kriz lan toujou la e li ka entansifye nenpòt kilè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.