Top 10 jwè ki pral chofe mèkato ete a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
top 10 jwè ki pral chofe mèkato ete a

Anpil sispenns ak rimè pral blayi nan mèkato ete a. Ane pase, anpil bèl transfè te rive fèt, menm jan anpil lòt te kapote nan dènyè minit. Pou ane 2023 a, mache transfè a pral chofe ak jwè ki lib yo epi jwè kèk gwo ekip ap bezwen pran pou sezon k ap vini an. Jwè tankou Messi, Neymar, Victor Oshimen, Bellingham, Marco Asensio, pou site sa yo sèlman, kapab kite klèb yo. Sipriz yo pral anpil.

Pou mèkato ete 2023 a, men lis 10 jwè ki pral mete mouvman nan mache transfè a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

10- Marco Asensio (Real Madrid)

Ak 27 lane, Marco Asensio se youn nan jwè ki pran plis tit ak Real Madrid. Li rive nan bout kontra li. Kondisyon pou l pwolonje ak Marengue yo pa posib. PSG se youn nan klèb ki entèrese ak espanyòl la, menm jan ak Manchester United.

9- James Madison (Leicester City)

Aprè desann ekip Leicester an nan Championship la, li klè yon jwè tankou Madison ki gen anpil talan pa p rete nan ekip la. Klèb tankou Newcastle, Arsenal epi Tottenham, ap fè jwè a je dou.

8- Alexis Mac Allister (Brigthon)

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè mondyal 2022 a, Ajanten an pa menm jwè an ankò. Li gen anpil je ki brake sou li. Briyan ak Brighton nan Premier League la, plizyè ekip kapab entèrese ak li.

7- Romelu Lukaku (Chelsea)

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prete ak Inter Milan, Bèlj la rive nan final Lig dè Chanpyon an sezon sa ak klèb italyen an. Ta sanble Inter pa entèrese bay jwè a yon kontra. Lukaku ap oblije rejwenn nouvo antrenè Chelsea a, Mauricio Pochettino.

6- Vivtor Oshimen (Naples)

Prèske tout gran klèb ewopeyen yo entèrese ak nimewo 9 Napoli a ki sot reyalize yon gwo sezon nan Serie A. Men kantite kòb klèb italyen an mande pou li kapab lakoz transfè entènasyoanl Nijeryen an echwe.

5- Harry Kane (Tottenham)

Apre plis pase 10 sezon nan ekip Tottenham lan san yon tit, bitè anglè a pa konte rete plis, sitou aprè sezon katastwofik Spurs yo nan Premier League la. Real Madrid oubyen Manchester United se ap youn nan destinasyon jwè a.

4- Bernardo Silva (Man. City)

Aprè final 2021 an fas ekip Chelsea an, Potigè a te anvi kite Citizens yo. Youn nan jwè kle Pep Guardiola, ki pran anpil tit ak Sky Blues yo, kapab depoze valiz li nan PSG si toutfwa Messi kite klèb kapital fransè a.

3- Jude Bellingham (Dortmund)

Meyè jwè Bundesliga a sezon sa, jèn Anglè sèlman 19 lane a montre talan l ak kapasite l nan mondyal ki sot pase a epi nan mitan tèren ekip Dortmund lan. Se youn nan jwè Real Madrid gentan asire l ap achte pou mèkato a.

2- Neymar (PSG)

Yon jwè endizirab nan ekip PSG a, dirijan parizyen yo pa anvi kontinye ak jwè a. Ak gwo salè Brezilyen an genyen an, fòk ta gen yon ekip ki gen anpil kòb pou achte l. Manchester United ak City montre enterè pou jwè a.

1- Messi (PSG)

Youn nan pi gwo kesyon planèt la ap poze : « Kibò Messi ap jwe sezon k ap vini? « . Kontra Ajanten an ap fini ak PSG nan mwa jen an. Retou li nan FC Barcelone pa sispann ensiste bò kote Katalan yo. Anpil fanatik menm kwè li kapab rejwen Al-Hilal, klèb Sawoudyen an.

Mèkato a pral chofe, lòt jwè tankou Aubameyang, Moises Caicedo, Joao Concelo, Dani Ceballos, Alphonso Davies, Roberto Firmino, Ikay Gundogan, pou site sa yo, kapab kreye sansasyon an pou mèkato k ap vini la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive